Pwosesis
Enstiti sekirite travay
Rekonesans chaj pou alokasyon pou fanmi nan ISL
Pèman ki fèt pou chaj fanmi akredite pa Enstiti Sekirite Sosyal Travay (ISL), ki asosye ak pansyon andikap, pansyon vèv
Deskripsyon
Pèman ki fèt pou chaj fanmi ki akredite pa Enstiti Sekirite Sosyal
Travay (ISL), ki asosye ak pansyon andikap, pansyon vèv oswa pansyon manman selibatè
(Manman ki pa marye ki gen timoun).
Pwosesis sa a ka realize pandan tout ane a nan biro ISL ak ChileAtiende
Detay
Kantite lajan chak mwa pou alokasyon fanmi an depann de revni pansyonè a.
Valè kob ki valab, depi premye mwa Mas 2019 yo se:
Ranje revni (an pesos) | Kantite kob pou Alokasyon Fanmi |
Jiska $315.841 | $12.364 |
Ant $315.842 ak $461.320 | $7.587 |
Ant $461.321 ak $719.502 | $2.398 |
Soti nan $719.503 | $0 |
Si ou se yon benefisyè nan alokasyon pou fanmi an, yap peyel pou ou sou pansyon w chak mwa.
Si li koresponn pou peye peman retroaktif (peman ki gen reta) yap peyel tou sou pansyonw lan.
ENPOTAN:
- Ou pa ka benefisye peman pou sibvansyon fanmi sèl
(subsidio único familiar(SUF),
Pansyon Debaz Solidarite (PBS) oswa sibvansyon pou andikap mantal (SDM). Chaj la paka gen yon revni tou ki siperye a 50% revni minimòm lan plis pase twa mwa nan yon ane. - Kantite tan ki konsidere pou yo rekonet chaj sa yo se 60 mois.
- Yo ka rekonet kom yon chaj nan fanmi an tout moun ki resevwa yon
pansyon òfelen. - Ou dwe enfome si nan menm chaj fanmi an, si wap fe yon renouvèlman ekstansyon pansyon siviv
- Si ou pa reponn ak pou pi piti youn nan egzijans sa yo pouw gen akse ak sibvansyon familyal la ou dwe fe pwosesis ekstansyon chaj, ki expilike koz la.
- Timoun ki gen plis ke 18 lane ki nan sibvansyon familial la ka mande peman dirèk, men sa a dwe endike kleman nan aplikasyon an.
- Chak ane, an Jiyè, pansyone yo dwe voye yon deklarasyon seman ki endike revni yo , paske peman pou alokasyon familyal la detemine sou yon mwayèn ki gen rapo ak revni yo depi mwa janvye rive mwa jen chak ane.
Ki moun ki pou li?
Pansyone
Pansyone pou moun ki enfim, vef oswa manman ki pa marye afilyasyon, nan
lwa sou aksidan travay ak maladi profesyonel..
Chaj familyal la defini:
- Mari oswa madanm ki envalid.
- Pitit gason oswa pitit fi, pitit gason oswa pitit fi lòt patnè sivil oubyen timoun ou adopte jiska 18 lane.
- Pitit gason oswa pitit fi ki gen laj legal jiska 24 lane, pitit gason oswa pitit fi lòt patnè sivil la oswa timoun yo adopte, depi yo pa marye (ka akredite li nan fòmile aneks nimewo 1), yo pap resevwa revni e yap kontinye suiv kou regilye nan edikasyon. mwayen, nòmal, teknik, espesyalize oswa pi wo nan enstitisyon ke leta rekonèt.
- Pitit pitit, oswa pitit pitit pitit, ofelen de papa oubyen manman oubyen timoun ki abandone pa youn nan moun sa yo, nan menm kondisyon nan pwen nou te site anvan an.
- Pitit gason oswa pitit fi, oswa bofis oswa bòpè, ki envalid kelkeswa laj li.
- Asandan yo ki pa resevwa revni oswa pansyon.
Ki dokiman ki nesesè pou reyalize pwosesis sa?
- Ranpli fomile demand pou aplikasyon alokasyon pou fanmi an.
. - Ranpli yon deklarasyon sou sèman sou revni pou chak ane yo mande a (tout revni nan mwa janvye jiska jen nan chak ane).
- Sètifika ak / oswa kat ki endike kotizasyon AFP, ISAPRE oswa Fonasa, ki sipòte revni ki te deklare a.
Tou depan de ki kalite chaj familyal la, ou dwe prezante dokiman sa yo tou:
- Pou pitit gason oswa pitit fi ki gen plis pase 18 an,
sètifika etidyan regilye.. - Pou pitit gason oswa pitit fi (antre ladan timoun ki adopte oswa belfis ou bofis) mari oswa madanm andikape, prezante sètifika oswa desizyon Komisyon pou medsin prevantif ak Andikap (COMPIN) bay.
- Pou pitit pitit oswa pitit pitit pitit, rapò sou sosyal, ki pwouve abandon an paran yo epi ki ap viv sou responsablite gran paran yo oswa rezolisyon oswa papye tribunal ki akredite mezi pwoteksyon ki pran pou santans jidisyè.
- Pou asandan (papa, manman, grann, gran papa, gran gran papa), rapò sosyal ki pwouve ke li depann de pansyone a.
ENPOTAN:
Si aplikasyon pou rekonesans alokasyon familyal la asosye ak yon renouvèlman nan ekstansyon siviv, fòmile “Pwosedi Benefis Lwa No 16,744 – Lwa No. 19,345” dwe tou dwe ranpli.